Jean Appolon Expressions (JAE) seleksyone pou inisyativ nan tout leta a, ki sipòte atizay ki gen rasin nan kominote.

Premye sibvansyon $500,000 dola a, se pi gwo don nan istwa òganizasyon an.


Jan yo te anonse l bonè jodi a, Fondasyon Barr ansanm ak Fondasyon Kominotè Lwès Masachousèt la seleksyone Jean Appolon Expressions (JAE) pou li patisipe nan Inisyativ Pou Ranfòse Lavni Lakilti a. Inisyativ sa a ki gen pou li dire sis ane se yon kolaborasyon ant de fondasyon sa yo pou sipòte 15 òganizasyon ki gen rasin yo nan kominote nwa, endijèn ak moun koulè (BIPOC) nan tout Masachousèt la.

Nou pral resevwa lajan pou fonksyone menmjan ak kapital pou risk nan devlopman k’ap soti nan sibvansyon kominote fondasyon an bay atravè kreyasyon Fon Atizay Ekite BIPOC li a. Premye sibvansyon nou an ki pral kouvri operasyon nou yo pandan twa ane k’ap vini yo, se yon montan de $500,000 dola a, ki se pi gwo don nan istwa òganizasyon an.

Fondasyon Kominote a onore pou li etabli Fon Atizay Ekite BIPOC la epi pou li envesti nan JAE kòm yon benefisyè sibvansyon an,” selon sa Katie Allan Zobel, Prezidant ak Direktris Jeneral Fondasyon Kominotè Lwès Masachousèt la te di. “Nou konnen ke Masachousèt pi djanm lè li anbrase tout vwa li yo, e nou konsidere fon sa a kòm yon motè nesesè pou lòt donatè ,sou tout eta a, ki vle envesti nan atis BIPOC yo, nan fòm atizay ak nan kominote yo” madam Zobel kontinye pou li di.

Avèk sipò ki ap soti nan Fondasyon Barr la, JAE pral antre nan yon kolaborasyon avèk lòt òganizasyon k’ap patisipe yo, ki ap chita sou yon vwayaj aprantisaj, pou pataje apwòch, defi, ak siksè ki konekte yo pandan sis ane k’ap vini yo. Pandan tout peryòd sa a, òganizasyon sa yo pral gen aksè ak konsiltan ki ka ede yo nan domèn planifikasyon ak devlopman òganisyonèl. Leson ak bòn pratik yo ki sòti nan eksperyans tout patisipan nan inityativ yo pral pataje bay rezo BIPOC ak bayè de fon nan tout eta a.

“Jean Appolon Expressions akonpli travay enpòtan pou mete atis ak ekspresyon kiltirèl nan mitan lavi kominote à,” se sa Giles Li, Ajan prensipal pwogram pou Atizay & Kreyativite nan Fondasyon Barr la te deklare. “Yo pare pou tanmen yon lòt nivo enpak ak detèminasyon - ak pou ede alimante lavni atizay BIPOC nan Masachousèt,” selon sa mesye Li fini pou l di.

Dapre San San Wong, direktè atizay ak pwogram kreyatif nan Fondasyon Barr la, “òganizasyon yo nan inisyativ sa a fè pati yon gwoup atravè tout Masachousèt la ki se dè vrè trezò nan pwòp kominote yo. “Yo gen dè dirijan de konfyans ki anbrase atizay ak fòs pou reyaji sou eksperyans, difikilte, viktwa ak rèv manm koninote yo. Nou espere aprann nan men patnè sa yo ak pataje konesans ki ka kontribye nan yon sektè atizay pi ekitab ak pi rich.”

Yo reprezante tout yon seri de kominote etnik ak rasyal, jewografi, disiplin atistik ak karakteristik òganizasyonèl, men 15 òganizasyon yo ki ap patisipe nan Inisyativ Pou Ranfòse Lavni Lakilti a:

Pou plis enfòmasyon sou Inisyativ Pou Ranfòse Lavni Lakilti a, vizite: Barr Foundation.

Konsènan Jean Appolon Expressions: Jean Appolon Expressions (JAE) se yon konpayi dans ki byen anrasinen nan kilti fòlklò ayisyen an, ki selebre, nouri, ak ranfòse tout kominote global. Nou akonpli sa nan pèfòmans profesyonèl, ansèyman, ak ankouraje gerizon plis lajwa fè mouvman kay moun tout laj, tout abilite ak bakgrawonn pou kontribye nan yon mond ki jis sou plan sosyal. JAE pataje pouvwa delivrans dans fòlklò ayisyen an, pou kiltive espwa ak gerizon nan espwa pou yon mond pi ekspresif ak sosyalman pi jis.

Konsènan Fondasyon Barr la: Misyon fondasyon Barr la se envesti nan potansyèl imen, natirèl ak kreyatif, ki sèvi kòm katalizè ak dè reprezantan reflechi. Lokalize nan boston, Fondasyon Barr konsantre sou rejyon an, epi li angaje li selektivman sou plan nasyonal la, li travay an patenarya ak ONG, plizyè fondasyon, setè piblik la, plis lidè sivik ak bisnis yo pou agrandi tout atizay, avanse solisyon yo pou chanjman klimatik la, epitou konekte tout elèv yo sou wout siksè nan nivo segondè ak pi devan. Fonde an 1997, Fondasyon Barr la gen asèt ki pi plis pase $3bilyon dola, e li kontribiye pi plis pase $1 bilyon dola nan zèv charitab.

Pou plis enfòmasyon, vizite https://www.barrfoundation.org oubyen swiv @BarrFdn.

Konsènan Fondasyon Kominotè lwès Masachousèt la: Fonde an 1991, Fondasyon Kominotè Lwès Masachousèt la ap chache anrichi kalite lavi pou moun ki nan rejyon nou an ak valoriaze filantropi kominotè. Avèk yon tola asèt de $200 milyon dola, Fondasyon kominotè a se yon òganizasyon jarèt pou twa seksyon sou fwontyè Rivyè Konektikèt la nan lwès Masachousèt (seksyon Hampden, Hampshire, ak Franklin) e li sèvi kòm on resous, katalis, ak koòdonatè pou aktivite charitab.

Pou plis enfòmasyon, vizite http://communityfoundation.org/.

Jean Appolon Expressions Media Contact:
Meghan Riling
Director of Marketing + Media
megr@jeanappolonexpressions.org

Barr Foundation Media Contact:
Mary Chalifour
Acting Director of Communications
mchalifour@barrfoundation.org
617-854-3137

Community Foundation of Western Massachusetts Media Contact:
Emma Mesa-Melendez
Director of Communications
emesa@communityfoundation.org
413-417-6382